Haitian Creole (Kreyòl Ayisyen)

Depatman Travay ak Fòmasyon Rhode Island (DLT) ka bay sèvis asistans lang pou entèpretasyon (pale) ak tradiksyon (ekri) nan lang prefere w san ou pa peye anyen.

DLT pral tradwi nenpòt enfòmasyon enpòtan nan lang prefere w. Enfòmasyon enpòtan vle di nenpòt enfòmasyon, keseswa alekri, oral oswa elektwonik, ki nesesè pou yon moun konprann kijan pou jwenn èd, benefis, sèvis, ak/oswa fòmasyon; oswa jan lalwa mande l. Egzanp dokiman ki gen enfòmasyon enpòtan gen ladann, men li pa limite nan:

  • Fòm plent ak konsantman;
  • Fòm admisyon ak demann avèk posiblite pou konsekans enpòtan;
  • Avi sou dwa alekri;
  • Avi refi, pèt, oswa diminisyon nan benefis oswa sèvis yo;
  • Avi sou aksyon disiplinè;
  • Siy; ak
  • Avi ki bay moun sèvis asistans lang gratis.

Pou mande sèvis tradiksyon oswa entèpretasyon, tanpri kontakte pou ki pwogram ou bezwen asistans. Wap jwenn enfòmasyon kontak pou gwo pwogram yo anba. Kontak enfòmasyon adisyonèl disponib isit la .

Enfòmasyon Pwogram Enpòtan

Asirans Chomaj

Asirans chomaj se yon pwogram pou travayè Rhode Island yo ki vin an chomaj pasyèlman oswa konplètman san se pa fòt yo. Si yo te mete w deyò nan travay ou, ou kapab elijib pou asirans chomaj.

Apre ou fin depoze yon reklamasyon pou chomaj, li jeneralman pran 2-3 semèn pou yo trete l. Apresa, ou pral bezwen pou mande yon peman pou chak semèn ou pap travay.  Ou ka sètifye pou peman w atravè sistèm sètifikasyon anliy nou an, uionline.dlt.ri.gov, oswa lè ou rele (401) 415-6772.

Si gen enkyetid avèk reklamasyon w lan, ou ka bezwen pou ale nan jijman pou detèmine elijiblite w. Ou gen dwa pou konteste si yo refize benefis ou.  Pou w jwenn plis enfòmasyon sou jijman ak apèl, tanpri gade paj kesyon yo poze souvan nou an: https://dlt.ri.gov/ui/faq/#appeals.

Ou bezwen èd? Kontakte sant apèl pou chomaj nan (401) 415-6772.

Asirans pou Enfimite Tanporè (TDI)

Asirans pou Enfimite Tanporè (TDI) Bay benefis pou travayè Rhode Island yo ki pa p travay akoz yon maladi oswa blesi tanporè ki pa gen rapò avèk travay.

Si ou bezwen èd? Kontakte TDI pa imèl DLT.TDI@dlt.ri.gov oswa rele (401) 462-8420.

Asirans Tanporè pou Moun kap bay swen (TCI)

TCI bay moun kap fè reklamasyon yo jiska 6 semèn benefis pou moun kap bay swen pou yon timoun ki malad grav, konjwen, patnè domestik, paran, boparan oswa gran-paran, oswa pou kreye lyen avèk yon timoun ki fenk fèt, yon timoun yo fenk adopte oswa yon nouvo timoun ki nan fanmi akèy.

Si ou bezwen èd? Kontakte TCI pa imèl DLT.TDI@dlt.ri.gov oswa rele (401) 462-8420.

Resous pou moun kap chèche travay

DLT ofri plizyè resous pou moun kap chèche travay, enkli asistans pou cv, pwogram fòmasyon travay, ak antrènman karyè en-a-en. Ou ka gen aksè avèk resous sa yo nan youn nan sant karyè an-pèson DLT, oswa vityèlman sou sit entènèt Retounen nan Travay [Back to Work RI].

Si ou bezwen èd?  Tanpri kontakte sant karyè ki pi pre ou an:

Non-peman Salè

Si travay ou pa peye w salè ke yo dwe w, ou ta dwe depoze yon plent avèk Depatman Travay ak Fòmasyon. Egzanp non-peman salè gen ladan pa resevwa dènye chèk ou, peye pi ba pase salè minimòm, pa resevwa peman pou prim jou ferye oswa dimanch, oswa pa touche komsadwa pou èdtan siplemantè.

Si ou bezwen èd? Kontakte Estanda Travay lè ou imèl DLT.LaborStandards@dlt.ri.gov oswa rele (401) 462-8550.

Konje Maladi ak Sekirite Peye

Nan Rhode Island, pifò anplwaye yo gen dwa legal pou pran tan konje nan travay pou tèt yo lè yo malad anpil yo pa ka vin travay, yo blese, oswa yo gen yon randevou medikal woutin. Ou ka itilize yon konje ou genyen pou fè fas avèk enpak domestik vyolans, agresyon sekyèl oswa asèlman kriminèl. Anplis, ou ka itilize konje ou genyen pou ede pitit ou, konjwen, patnè domestik oswa lòt manm lakay ou pou menm rezon yo.

Si ou panse ke anplwayè w te vyole dwa ou pou itilize konje maladi ak sekirite peye, ou ta dwe depoze yon plent avèk Depatman Travay ak Fòmasyon.

Si ou bezwen èd? Kontakte Estanda Travay lè ou imèl DLT.LaborStandards@dlt.ri.gov oswa rele (401) 462-8550.

Konpansasyon Travayè

Travay yo ki gen youn oswa plizyè anplwaye gen obligasyon pou pote asirans konpansasyon travayè. Anplwaye ki kouvri yo ki blese nan travay oswa ki vin malad ki pa ka travay kapab elijib pou kolekte benefis konpansasyon travayè.

Si ou blese oswa ou vin malad akoz travay ou, rapòte blesi w bay konpansasyon travayè anplwayè oswa moun li deziyen oswa depatman resous imen.  Travay ou kapab depoze yon reklamasyon avèk konpayi asirans konpansasyon travayè yo, ki pral kidonk detèmine si blesi w gen rapò avèk travay epi si ou elijib pou konpansasyon travayè.

Pou rapòte yon anplwayè ke ou panse pa gen asirans Konpansasyon Travayè, tanpri rele (401) 462-8100 oswa imèl dlt.wcfraud@dlt.ri.gov.

Pou kesyon jeneral sou asirans konpansasyon travayè, tanpri rele (401) 462-8100 oswa imèl dlt.wcedcunit@dlt.ri.gov.  Pou w jwenn asistans nan lang Panyòl, rele (401) 462-8555.